Kafe, bwason ki bay enèji ak lòt bagay pitit ou ta dwe evite

Kafe, bwason ki bay enèji ak lòt bagay pitit ou ta dwe evite

Yon aspè nan grandi se aprann pran responsablite pou bagay nou konsome. Nou swete paran yo te ansenye timoun yo bon jan abitid nan manje ak bwason ki bon pou lasante, men yon fwa timoun yo rive nan laj adolesan yo, yo pral kòmanse gen plis kontwòl sou sa y ap mete nan vant yo, kit se nan lekòl, kit se nan lekòl  oswa nan lòt sitiyasyon sosyal. Verite a se ke yo pa toujou pran responsablite a oserye, se konsa paran yo sipoze vijilan epi kontinye gide yo toutotan yo kapab.

Oparavan, pi gwo enkyetid paran yo te gen pou fè fas ak yo an tèm de manje ki bon pou lasante lakay adolesan yo se te konn konsome twòp sirèt oswa bwason gazez. Men, mache bwason ak ti chips ki vize adolesan yo grandi chanje anpil , se konsa paran yo sipoze okouran de pwodwi sa yo epi ede limite konsomasyon yo oswa dirije timoun yo lwen yo tout. 

Kouri pran yon ti kafe
Yon tas kafe lematen kote kafeyin ki ladan an se yon boustè enèjetik lakay Ameriken yo, li ede granmoun leve epi fè fas ak jounen an. Nan Miami-Dade County, sa souvan vle di yon kafe kiben oswa kafe ak lèt ki gendwa menm pi fò toujou. Poutan, timoun yo toujou ap devlope e kafeyin kapab danjere pou yo -  American Academy of Pediatrics (AAP) pa jwenn okenn dòz kafeyin ki san danje pou timoun ki poko gen 12 an. Pou adolesan, rekòmandasyon AAP se pa plis pase yon tas kafe, men ak popilarite Starbucks, Dunkin ak lòt biznis tankou sa yo genyen nan mitan adolesan, kenbe konsomasyon kafe a nan yon nivo ki ba kapab difisil. 

Malgre kafe nan maten se yon gwo pati nan anpil kilti nan Sid Florid, paran yo ta dwe pale ak adolesan yo pou yo limite kantite yo bwè epi enfòme yo sou kèk nan danje ki genyen nan konsome twòp bwason sa yo, ki gen ladan twòp kafeyin ak konsomasyon sik. Fè yo konnen ke twòp kafeyin ka kontribye nan pwoblèm sante grav tankou entèripsyon somèy, enkyetid, tèt fè mal ak vant fè  mal. 

Inèsi bwason enèjetik
Anpil paran pa t menm gen opsyon pou konsome bwason enèjetik lè yo t ap grandi paske yo pat egziste, men depi Red Bull te prezante nan etazini nan fen ane 1990 yo, ak yon kantite lòt mak ki te vin suiv tandans lan, bwason ki dous anpil ak sa ki chaje kafeyin ladan yo vin atire timoun yo anpil. Si ou itilize kafe itilize kòm yon boustè lematen, adolesan yo sovan itilize bwason enèjetik yo kòm boustè le swa pou tout bagay soti nan etidye byen ta nan nan mitan lannwit ak ale nan pwogram leswa.  

Men, paran yo ta dwe konnen ke anpil nan bwason sa yo gen menm plis kafeyin pase lòt bwason ki gen kafeyin yo, ki gen ladan kèk ki gen menm kantite kafeyin nan yon sèl boutèy 200 miligram tankou si ou te bwè prèske sis Coca-Colas. Epi tou, konsome twòp, ki ka vini fasil akoz de gwo kantite kafeyin, ka mennen nan pwoblèm kè, Anksyete ak pwoblèm dijestif. Sitiyasyon an te atire atansyon onivo nasyonal e yo te mande pou Food and Drug Administration etidye kèk bwason enèjetik ak nivo kafeyin ki danjere yo gen ladan yo. 

AAP rekòmande pou adolesan yo pa bwè bwason ki bay enèji, men nan kèk etid, jiska mwatye rapòte adolesan yo bwè yo, dapre Center for Disease Control and Prevention (CDC). Menm si, 75 pousan nan lekòl segondè pa gen politik kont bwason enèjetik, byenke Miami-Dade County gen yon politik kont vann bwason ak kafeyin ajoute nan machin ki vann bwason li yo. 

Twòp epis
Yon fenomèn ki pi resan pou adolesan enplike chips ki gen anpil epis ak ti goute yo konsome yo regilyèman tankou Hot Cheetos ak Takis se mak ki pi popilè nan chips men gen plizyè lòt ki ka danjere pou adolesan si yo konsome yo twòp. Yon tandans rezo sosyo yo ki te popilè -spicy tortilla chip challenge-menm te lakòz lanmò yon adolesan ki te gen yon pwoblèm kè ki deja egziste. 

Menm timoun ki an sante dwe fè atansyon ak twòp konsomasyon. Li pa bon pou sante pou manje twòp chips an jeneral, men engredyan kèk nan chips extra-spicy yo ka lakoz pwoblèm. Te deja gen plizyè rapò sou ogmantasyon vizit nan sal ijans  soti nan adolesan ki manje twòp nan pwodui epise sa yo. Malgre ke pifò nan vizit sa yo pa grav - matyè fekal yo souvan konfonn pou san, menm si yo gen plis chans yon rezilta nan koloran koulè wouj yo te jwenn nan chip sa yo - gen konsekans malsen nan konsomasyon twòp, ki gen ladan doulè nan vant (ki ta ka mennen nan pi gwo pwoblèm avèk letan) ak obezite. 

Youn nan gwo bagay sou grandi pou pitit nou yo se pran pi gwo responsablite, men sa vini ak aksepte responsablite nou tou. Pou sa ki gen pou wè ak sa y ap mete nan vant yo, adolesan toujou bezwen bon direksyon nan men paran yo, espesyalman kote gen anpil fòs k ap pouse yo nan lòt chemen, e souvan se move chemen. Pou sa ki gen pou wè ak kafe, bwason enèji ak lòt manje nou ka kesyone yo, paran yo bezwen pale ak pitit yo epi eksplike konsekans yo pou asire yo ke yo ka pran pi bon desizyon posib la.